Gaspard Dorélien ap eksplike diskriminasyon koulè ak lang ann Ayiti!

2, 3 ti keksyon pou sila yo ki di y ap dirije nou yo ak entèlektyèl k ap reflechi epi fè rechèch sou #Ayiti:

– Kisa ki defini yon peyi ak yon nasyon…?
– Ki valè n ap defann ki ka pèmèt yon lòt moun ki soti yon lòt kote ka idantifye kòm valè ki AYISYEN?
– Kisa lang KERYÒL la reprezante jounen jodi nan je Ayisyen?
– Eske gen yon valè ki rele #Ayisyen nan lespri nou, sitou pou sila yo ki te al lekòl epi ki te al nan inivèsite?

Ban m pataje ak nou 2, 3 eksperyans mwen viv kòm « Ayisyen di peyi »:

Nou tout dakò Jean Jacques Dessalines te jwe yon gwo papa wòl nan goumen pou endepandans peyi Dayiti, pou m pa repete sa yo te aprann mwen lekòl la « se papa nasyon an » menm. Alòs jounen jodi a nonm sa ta dwe jwenn tout venerasyon, lwanj ak louwanj pou kontribisyon l. Dessalines ta dwe yon non ki fè referans a fyète, pa vre?
Enben eske nou konnen jounen jodi a Dessalines, pou anpil Ayisyen se yon mo jouman ak lawont?

Lè m te piti, yon bann moun ki te swa vwazen, kanmarad lekòl elatriye, te konn rele m Dessalines. Se pat pou konplimante m, ni pou di m te yon gwo gason. Yo te konn rele m Dessalines pou di m te nwa anpil, pou di m pat bèl gason. Moun sa yo pat ni blan, ni arab, ni etranje. Se te Ayisyen parèy mwen.
Di m kisa ki ka konekte nou ak peyi a si jounen jodi a non moun ki te ban nou li a, Dessalines, se yon jouman?

Ayè mwen menm ak Carla Léonard nou te al chache vizite kèk lekòl pou timoun piti nan zòn Delma pou #PetitMatelot. Gen yon « gwo lekòl » pou timoun tout moun ap referanse nou ki anndan Delma 60. Nou ale pou mande enfòmasyon epi vizite lekòl la pou nou wè si li kadre ak sa nou vle pou pitan nou an. Lè sekirite fin pèmèt nou antre nan lakou a (se blòk 11 zè, te gen gwo solèy), li di nou Direktris la okipe, nou pap ka wè li. Nou di l nou pa bezwen wè ak direktris la espesyalman, nenpòt moun ki ka ban nou enfòmasyon ap bon. Li di nou tann. Toujou anba solèy la. Apre yon ti bout tan yon anplwaye vin kote nou pou l mande nou kòman li ka ede nou, san li pa envite nou soti anba solèy la. Nou esplike l sa nou vin chache. Li di nou pap ka jwenn enfòmasyon jodi a, paske direktris la okipe. Li lonje dwèt montre nou yon dam po klè, ak cheve long ki ap fè yon gwoup timoun fè repetisyon (nou devine se repetisyon pou gradyasyon pou timoun, yon aktivite Ministè edikasyon nasyonal te entèdi depi zòn 2013 yo ak minis Nesmy Manigat) yon lòt kote sou lakou a.
Nou mande l eske yon lòt moun pa ka ban nou enfòmasyon an? Paske peryòd sa se moman enskripsyon nan lekòl sa yo. Dayè gen afich ki kole sou youn nan baryè yo ki di sa.
Anplwaye a reponn nou se direktris la sèlman ki ka ban nou enfòmasyon. Li jis di nou na tounen yon lòt lè. San presizyon.
Alòs mwen di li, nou te gen entansyon mete pitit nou an nan lekòl sa, men pou jan yo resevwa nou an, mwen m deja pap ka mete pitit mwen an la. Si paran jwenn tretman sa, pa gen garanti pitan m lan ap resevwa tretman m ta vle pou li a.

Carla Léonard ki pi pasyan di anplwaye a al di Direktris la gen 2 paran ki te vini pou enfòmasyon e kòm se li sèlman ki ka bay enfòmasyon yo, 2 paran yo mande l ki lè yo ka repase, osnon eske li pa ka vin pran ka nou yon ti moman. Anplwaye a tou reponn nou sa pap chanje anyen, direktris la pap vin kote nou, men kòm Carla Léonard ensiste li pra l pote mesaj la nou an. Nou wè anplwaye a ki rive kote Direktris la, ki pa menm pran lapènn menm gade anplwaye a k ap pale avè l la, lè sa mwen ak Carla Léonard fè yon ti avanse pou nou si Direktris la wè nou, e li sanble te wè nou. Epi li sanble bay anplwaye yon repons ak enèveman. Dam lan rive kote nou, li di nou « m espere nou t ap obsève, nou wè jan l reponn mwen. Li di nou li pa disponib. Pwen ba.
Lekòl sa chè anpil pou yon fanmi ayisyen mwayen. Selon sa yon zanmi m ki te gen pitit fi li la, li te konn peye an 2013, 8,000 goud pa mwa lè timoun te antre lekòl la a 2 zan. San kote pil lòt frè an dola meriken.

Paske lè m te piti e jiska kounye a, anpil moun an Ayiti trete m yon jan paske m po m fonse, mwen vin siseptib. Se sak fè m ap mande tèt mwen si Direktris la te wè 2 Arab, osnon 2 ekspatriye ameriken osnon fransè ki te kanpe nan lakou a, eske li pa t ap pran lapèn vin di yo li okipe pou kounye a. Eske yo pa ka tann 30 minit osnon retounen nan demen…?

Antouka m sèmante pitit pa m pa p jan m al nan lekòl konsa. Epi m pap ankouraje okenn moun si yo ta mande m konsèy al mete pitit yo nan lekòl sa ki nan Delma 60 lan. Paske si mèt lekòl pa gen yon minimòm koutwazi ak tretman pou paran yo, ki ledikasyon timoun sa yo ap resevwa?

Nou kontinye vizite. Nou al nan yon lòt lekòl nan Delma 60 la toujou. Se direktris lekòl la ki resevwa nou pèsonèlman apre yon anplwaye te fin louvri baryè a pou nou. Li mennen nou nan biwo l. Se te yon lòt akèy. Fwa sa se yon Direktris menm koulè avè m epi ki gen cheve koupe.
Li reponn tout kesyon nou yo ak anpil koutwazi epi jantiyès. Men sa ki te choke m, se lè li di metòd nou an pa fin Ayisyen. Lè m mande l poukisa, li di m pa gen ankenn metòd ayisyen pou timoun piti « la petite enfance ». Lè m mande l si Ministè Edikasyon nasyonal pa gen yon pwogram pou kategori timoun sa yo, li reponn mwen yo ta sanble vle mete yon bagay « yon bagay » sou pye, men li poko fini. Alòs metòd li itilize se metòd ameriken ak fransè. Kidonk pifò lekòl alawonnbadè pou timoun piti an Ayiti yo ap plen tèt timoun yo ak valè, istwa, chante, bagay ki soti Etazini ak Lafrans. Epi nou gen dirijan. Dirijan yo gen gwo konsiltan k ap touche milyon ven.
Direktris la te fyè pou di nou, isit la se fransè timoun yo pale, pa gen bagay ki rele kreyòl la pyès.

Kreyòl ta sipoze lang Ayiti. Men yon lang yon peyi pa sèlman yon mwayen sitwayen yo itilize pou kominike. Yon lang charye tout yon bann valè ki ini moun sa yo ansanm. Kreyòl la pou Ayisyen ta sipoze siman ki konekte tout Ayisyen avèk tout sa ki fè yo se Ayisyen e pa Ameriken, Fransè, Dominiken…

Lè yon timoun ap leve epi sèl moun ki nan antouraj pwòch li ki pale kreyòl se sèvant lan ak gadyen an (n ap antann nou, jan nou trete kategori moun sa yo, timoun nan konnen epi konprann se pa moun sa yo ki pi enpòtan nan mond li an), sa nou transmèt ba li menm? Timoun sa ap devlope atachman ak sa ki gen rapò ak Ayiti? Timoun sa ap kontan epi fyè paske li se Ayisyen?
Timoun sa ap pare pou li travay, goumen pou Ayiti vin yon pi bon peyi? Ki lanmou l ap devlope pou peyi sa si tout sa ki parèt bèl, byen, bon… ki gen valè, se bagay ki soti lòt kote?

Direktris la esplike nou li gen 2 zan l ap fonksyone nan lekòl la, li poko janmen resevwa yon vizit yon moun nan Ministè Edikasyon nasyonal pou vin wè kisa l ap montre timoun yo.

Ki peyi nou vle konstwi lè sa timoun yo ap resevwa depi lè yo tou piti se bagay ki soti lòt kote? Se lang ki pale nan lòt peyi? Gen lekòl sa yo ki pini timoun nan lè yo pale pwòp lang lan li a. Ki atachman yon itwayen ap genyan ak lang li, ak kilti li, lè yo kale, mete l nan retni, ba li senbòl (yon siy lawont)… paske li pa le lang li, kreyòl?

Ki sitwayen ayisyen yon timoun ap tounen lè timoun nan depi li piti lekòl li ye a pote yon non reyalite ki pa gen anyen pou wè ak peyi l?
Paske lekòl pou timoun piti an Ayiti yo rele: « Petit Castor », « Peter Pan », « Petit Valentin », « Honey bees », « Mikey Mouse », « Carousel »… Ki lekòl pou timoun piti an Ayiti nou konnen ki rele « Ti Malice », « Tezen »…? Eske si yon lekòl pou timoun ta rele « Ti Malice » nou t ap mete pitit nou ladann?

Sispann bay tèt nou manti tande. Pa gen okenn nasyon ki rele AYISYEN. Pa gen okenn valè ki di nou jodi a nou se Ayisyen. Nou pap fè anyen jounen jodi a ki ka di demen ap pi bon, osnon nan 20 tan, 50 tan… n ap gen yon kategori Ayisyen ki te leve pou pou bati yon nasyon ki rele Ayisyen.

Mwen pa premye moun k ap di l, nou se yon bann pasaje sou bout zile sa. Pi fò sa ki rete yo la, se paske yo poko ka ale. Sinon sa ki rete volontye yo se yon bann enpòtatè k ap achte pou revann apre pou y al jwi kòb sa Etazini, Liban, Siri (kòm peyi sa fin kraze ak lagè malerezman). Yo pa envesti nan pwodiksyon, yo pa envesti nan lekòl, nan inivèsite, yo pa envesti nan sante, yo pa envesti nan lwazi… Yo fè yon sèl bagay e se sa ki pi fasil la, sa ki gen mwens risk la, ACHTE, REVANN. Nan anpil peyi mwen pase ki gen gwo inivèsite, lekòl ki bay bon rezilta, se fanmi ak moun ki gen gwo mwayen yo ki fè pi gwo don.

Gen yon ti makèt, yon timakèt mwen di, ki nan Petyonvil lan, mèt li yo se desandan Arab nou te akeyi an Ayiti lè tout peyi t ap rejete yo. Men anpil ladan yo konn travay epi anpil ladan yo pa t ap gagote ti resous peyi a ak Duvalier yo. Genyen ki vin plen lajan jodi a se paske yo te travay di anpil. Men gen anpil tou se nan koripsyon ak kontrebann yo vin rich.
Mèt ti makèt nan Petyonvil la vann pou pase 2 milyon goud pa jou lè sa pa fin bon.

M ap fè nou sonje Petyonvil pa gen yon bon anbilans, Petyonvil pa gen yon bon sal sinema, Petyonvil pa gen yon sal teyat, Petyonvil pa posede yon kamyon ponpye, Petyonvil pa gen yon inivèsite…

Pa gen yon goud nan tout benefis yo ki al ede yon lekòl, yon katye osnon yon grenn moun nan Petyonvil. M pap konte anplwaye li yo kòm moun li ede paske se gras a yo makèt la fonksyone, se gras a yo li rantre plis pase 2 milyon goud pa jou lè sa pa fin bon.

Mwen se kliyan #Digicel, mwen trè pa satisfè de sèvis li ofri a. Si m te gen plis chwa, m si m ta p kite l deja. Epi #Digicel pa jan m patwone ankenn aktivite mwen fè, mwen pa lye nan okenn fason ak #Digicel. Lè m te konn òganize #MissAnayizZ, m te konn tcheke yo, responsab maketin yo te toujou di m, patisipant nan konkou a pat ase bèl, bon, konprann pa ase bèl la, se paske medam ki te konn patisipe yo pat milat, ni pitit arab… Donk sa m pra l di la, se jis yon verite, yon konsta…
Eske nou konnen se premye biznis prive an Ayiti ki ede lekòl konsa nan peyi a? Eske nou konnen lavi anpil timoun chanje gras a sipò #Digicel bay lekòl yo? Eske nou konnen se premye biznis prive an Ayiti ki bay espò nasyonal nou an, foutbòl, gwo bourad sa?
Eske nou konnen pil enpòtatè manje, machin… ki gen an Ayiti k ap fè gwo lajan depi dikdantan nan peyi a pa janm fè jès sa? Eske nou konnen gen makèt an #Ayiti ki gen chif dafè ki depase 40 milyon dola ameriken chak ane? Eske nou konnen pa gen yon goud nan benefis yo ki sibvansyone yon lekòl osnon yon inivèsite?
Se te yon parantèz. Mwen fèmen l.

Pou fè yon pawòl long vin kout, Ayiti pa ekziste. Pa gen okenn nasyon ki rele Ayisyen. Si w gen prèv pou di lekontrè, ban m yon ti limyè.

Gaspard Dorélien
13 jen 2017

Publicités

About aladanel

One thought on “Gaspard Dorélien ap eksplike diskriminasyon koulè ak lang ann Ayiti!

  1. Gaspard, sa fe lontan nou pa kontre. M pwofite atik ou a pou kore lide ou yo avek yon egzanp mwen te viv pesonelman an 2013. Dapre obsevasyon m, youn nan sitwayen ki gen pigwo repitasyon bo isit se direkte lekol Catts Pressoir. An 2013, pandan m te viv fe rechech teren nan Karakol, nan kad etid doktora mwen, m te tou pwofite prepare retounen m nan peyi (paske m te gen pou te tounen definitivman an 2014). Se konsa, m te koumanse ap anvizaje ki kote pou m ta mete 2 pitit fi mwen yo lekol. Kom se Bwavena m te rete, m te estime lekol m sot site piwo a se te yon bon chwa nan plizye sans. Le m rive devan barye lekol la, gason an (jeran barye a) di m mwen p ap ka pile lakou lekol la. Mwen espante. Li repete pou mwen se konsiy sa a li resevwa. Mwen mande l avek anpil jantiyes pou l ta al mande yon moun ki pibyen plase pase l vin konfime sa li di m nan. San bri san kont, li ale nan direksyon an epi yon dam vini jwenn mwen devan barye a pou konfime m mwen reyelman p ap ka pile lakou lekol la. Rezon an: CHEVE nan tet mwen te two long nan epok sa a! (eskize m pou aksan yo)

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *